Maladi chikoungounya lakay nou : an nou enfòme epi pwoteje tèt nou !

Maladi chikoungounya lakay nou : an nou enfòme epi pwoteje tèt nou !

Maladi chikoungounya lakay nou : an nou enfòme epi pwoteje tèt nou !

 
Juin 2014

Maladi -chikungunya-zero moustique 2Kisa chikoungounya ye (chikungunya)? Se yon maladi ki bay yon gwo fyèv kraze zo, tèt fè mal, ak doulè nan tout kò w. Se yon viris ki lakòz maladi sa. Maladi sa pa touye moun, men li bay gwo pwoblèm kò fè mal.

 

 

Kòman moun ka trape maladi Chikoungounya a ?

 

Se yon moustik yo rele ayedès (aedes) ki transmèt maladi sa.

Se femèl moustik yo ki transmèt maladi a. Genyen 2 kalite ayedès : aedes aegypti ak aedes albopictus. Nan peyi twopikal tankou Ayiti, se aedes aegypti (ayedès egipsi) ki transmèt maladi sa. Moustik sa yo pike anndan kou deyò kay. Moustik sa yo pike pandan tout lajounen, men yo plis pike granm maten ak lè solèy pral kouche.

 

Lè yon femèl moustik pike yon moun ki gen maladi chikoungounya, moustik la vin enfekte ak viris maladi a. Lè moustik enfekte sa al pike yon lòt moun, li tou bay moun sa viris chikoungounya a. Moun sa ap vin malad ant 3 ak 7 jou aprè moustik la fin pike l.

 

 

Kòman maladi chikoungounya a manifeste kay moun ?

 

Maladi chikoungounya 1-Yon moun ap vin malad ant 4 ak 7 jou apre yon moustik enfekte te fin pike l. Maladi a kòmanse avèk yon gwo fyèv cho ki pran w sibit sanzatann. Fyèv sa ba w tèt fèt mal, yon gwo doulè nan tout zo w, nan tout zòn atikilasyon w yo, tankou nan jenou, nan talon, nan koud-bra, nan do, nan senti ak nan ponyèt. Se poutèt sa Ayisyen yo rele maladi chikoungounya a fyèv kraze zo, fyèv kase lezo, fyèv demanbre, paske li sitèlman fè kò w fè w mal, epi w pa menm ka mache, se kouche ou oblije kouche atè oubyen sou kabann. Pafwa fyèv chikoungounya konn bay vomisman, kè plen, vant fè mal, glann, malozye je fè mal, tach ak pikotman sou po (kò pike, po wouj). Maladi a ka disparèt nan kò w apre kèk jou oubyen apre kèk semenn. Li pap touye w.

 

 

Prevansyon : Kisa pou nou fè pou nou pa trape maladi sa ?

 

Maladi chikungunya moustiquaire 3Evite tout sa ki ka lakòz marengwen vin poze oubyen vin ponn ti ze moustik, tankou : madlo, bokit ak dwoum san kouvèti, basen dlo san kouvèti, bwat mamit louvri, vye kawoutchou, po flè, rigòl dlo ki pa koule ki pa netwaye. Nou ankouraje tout moun dòmi anba moustikè, itilize pwodwi ensektisid pou po, ki fèt pou repouse marengwen.

 

Nou ankouraje moun mete rad ki gen manch long pou diminye piki moustik sou kò yo.

 

Otorite leta yo dwe fè fimigasyon/lafimen pou touye marengwen yo. Leta dwe netwaye rigòl yo pou fè dlo sal yo koule. Yo dwe enfòme epi sansibilize popilasyon an. Leta dwe flite tout kote ki gen ma dlo pou touye tize ak moustik yo. Pafwa lè gen gwo epidemi, Leta ka flite pwodwi ensektisid sou mi kay yo pou touye tout marengwen kap vin poze sou yo.

 

 

Ki tretman ki genyen kont maladi sa ?

 

Pa gen vaksen, ni medikamen ak tretman espesyal pou touye mikwòb ki bay maladi chikoungounya a. Men gen kèk mezi tout moun ki malad yo dwe pran pou konbat lafyèv ak gwo doulè nan zo maladi chikoungounya a bay. Moun malad la dwe pran parasetamòl ak ibipwofèn 4 a 5 fwa pa jou chak katrè tan (parasetamol, parafòtan, dependòl, dolostòp, alpalid, ibuflam, flanaks, advil etc.). Epi malad la dwe bwè anpil dlo, epi pran anpil repo.

 

Moun ki fè asid ak moun ki ansent pa dwe pran ibipwofèn oubyen ibuflam, flanaks, advil, alpalid.

 

Nou konseye moun malad yo pou bwè yon grenn vitamin C chak jou epi manje anpil fwi ki genyen vitamin C ladan yo tankou: ji sitwon, zoranj, seriz, mango, rezen, zaboka, zabriko, melon. Si ka a vin grav anpil, chache wè doktè.

 

 

Istwa maladi chikoungounya

 

Maladi chikungunya carte monde 41952 : Yo dekouvri premye ka chikoungounya nan lemonn, nan peyi Tanzani an Afrik. Nan yon lang afrikenn ki rele swayeli, mo chikoungounya an vle di maladi kraze zo, maladi ki fè moun pa ka mache dwat, maladi do ba.

 

1999: Chikoungounya rive nan peyi Malezi an Azi.

 

2006 : Yo dekouvri plizyè ka chikoungounya nan peyi Zile Lareyinyon (Ile de la Réunion).

 

2006-2007 : Yon epidemi chikoungounya atake peyi End an Azi.

 

2007 : Yo detekte premye ka chikoungounya an Ewòp nan peyi Itali.

 

Novanm-desanm 2013 : Premye ka chikoungounya rive an Amerik nan peyi Sen Maten, yon zile nan Karayib la. Epi apre sa li rive Gwadloup ak Matinik.

 

Fevriye-mas 2014 : Chikoungounya rive nan peyi Sendomeng.

 

Avril 2014 : Chikoungounya rive an Ayiti.

www.fokal.org/fr/index.php?option=com_content&view=article&id=1298:maladi-chikoungounya-lakay-nou-an-nou-enfome-epi-pwoteje-tet-nou-&catid=83:nos-programmes&Itemid=54