Prezantasyon SAKS

Prezantasyon SAKS

SAKS – Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal – se yon enstitisyon endepandan k ap travay nan kominikasyon popilè pou ede majorite popilasyon an, lavil kou nan mòn, patisipe kòm aktè devlopman. Yon kominikasyon ki dwe pote chanjman sosyal, devlopman kiltirèl ak demokrasi pou majorite a.

Istwa

Se nan lane 1991 yon gwoup pwofesyonèl ayisyen deside mete SAKS sou pye. Lide a sòti apre yon etid ekip la te fè sou reyalite kominikasyon ann Ayiti, yon kominiksayon ki ale nan yon sèl sans : emetè-difizè aktif pou yon piblik-reseptè pasif. Apre rechèch, etid sou teren an, nan lane 1992 SAKS kòmanse reyalize seminè sou kominikasyon popilè ak radyo kominotè pou òganizasyon popilè nan divès kwen nan peyi a.

Objectif SAKS

  • Ede gwoup ki pran fòmasyon yo kanpe radyo kominotè.
  • Bay sèvis fòmasyon teknik ak teyorik nan kominikasyon popilè pou òganizasyon baz, ONG ak tout lòt enstitisyon sosyal ki mande sa.
  • Fè pwomosyon kominikasyon an kòm yon dwa fondamantal.

Estrikti SAKS

SAKS gen yon asanble jeneral ki defini gran liy ak oryantasyon enstitisyon an, yon konsèy administrasyon ki resevwa manda asanble a pou veye sou fonksyònman an, ak yon ekip pèmanan ki fè biwo a mache chak jou.

Zòn entèvansyon

SAKS travay ak gwoup, òganizasyon ak enstitisyon toupatou nan peyi a.

Aktivite SAKS

1.Fòmasyon

SAKS ankadre òganizasyon popilè yo, lavil kou nan seksyon kominal, nan ba yo fòmasyon sou kominikasyon popilè, filozofi radyo kominotè, teknik jounalistik, operatè radyo, jesyon patisipativ, pwogramasyon ak kalite emisyon nan radyo kominotè.

2. Pwodiksyon

SAKS ofri yon sèvis anrejistreman pwodiksyon pou gwoup, òganizasyon popilè ak enstitisyon k ap travay nan edikasyon popilè, nan konsepsyon ak reyalizasyon pwogram edikatif, espòt piblisite epi kopi kasèt rapid. SAKS fè tou emisyon pou kore pwogramasyon radyo.

3. Piblikasyon

Tout nouvèl sou sa k ap pase nan zafè radyo kominotè ann Ayiti ak kèk lòt peyi, n ap jwenn yo nan bilten « Nou Pran Lapawòl » SAKS fè sòti chak 2 mwa. Anplis SAKS pibliye kèk livrè sou sijè ki konsène kominikasyon popilè ak radyo popilè. Epi chak ane SAKS sòti yon ajennda popilè ki rele « Nou pap dòmi bliye ».

Sant Dokimantasyon

Anndan SAKS gen yon sant dokimantasyon kote nou jwenn liv, revi, jounal, kasèt odyo, kasèt videyo. Gen yon seksyon sibèkafe tou. Gras ak sant sa a, atizan radyo kominotè yo gen posibilite ranmase anpil konesans sou kominikasyon, sou edikasyon popilè ak sou sijè ki gen rapò ak lit pèp yo pou chanjman.

Videyo

SAKS ap reflechi sou divès posibilite pou videyo tounen yon zouti nan men mouvman demokratik popilè a pou travay kominikasyon ak edikasyon popilè kab vanse pi devan.

Rezo Radyo Kominotè yo

Ansanm ak plizyè radyo kominotè ayisyen nan tèt kole ak Sant Pon (Centro Puente, Repiblik Dominikèn) SAKS te mete yon rezo radyo kominotè sou pye pou fasilite boukantay esperyans ant lokalite yo. Rezo a ap vin pi laj ak patisipasyon kèk radyo kominotè k ap travay nan lang kreyòl nan lòt peyi nan Karayib la.

SAKS te estriktire Rezo Fanm nan Radyo Kominotè Ayisyen tou, kote fanm yo ki fè kominikasyon popilè yo pwodui anpil emisyon edikatif sou pwoblèm fanm yo. Yo pase nan radyo yo toupatou nan peyi a.

Akonpayman

Saks akonpaye òganizasyon popilè ki dèyè radyo yo nan ede yo :

  • Mete yon chapant ak yon fonksyonman demokratik.
  • Reflechi sou aktivite ki kab antre lajan epi mete distraksyon nan kominote a.
  • Jere konfli ki pete nan mitan ekip k ap fè radyo a mache.

Kondisyon kolaborasyon

SAKS travay ak òganizasyon baz (jèn, fanm, peyizan eks…) ki egziste, ki gen yon fonksyònman demokratik tout bon, ki angaje tout bon nan lit pou chanje sosyete a.

SAKS se manm ALER, AMARC, WACC

www.saks-haiti.org/